Nehemiah 13:26
Mwen di yo: -Se peche sa a menm wa Salomon te fè! Atout pa t' gen tankou l' nan tout wa lòt nasyon yo, atout Bondye l' la te renmen l', atout se Bondye menm ki te mete l' wa sou tout pèp Izrayèl la, se madanm lòt nasyon yo ki te pran tèt li pou fè l' fè sa ki mal.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 12:25Li bay pwofèt Natan lòd al di David rele pitit la Jedidya, paske Seyè a te renmen l' vre.
1 Kings 3:13Lèfini, m'ap ba ou sa ou pa t' mande tou. M'ap ba ou anpil richès ak anpil pouvwa. Konsa, p'ap gen ankenn lòt wa tankou ou pandan tout rès tan ou gen pou viv la.
1 Kings 11:1Salomon te renmen ak anpil fanm ki moun lòt nasyon. San konte pitit fi wa peyi Lejip la, li te gen fanm ki soti nan peyi Moab, nan peyi Amon, nan peyi Edon, nan peyi Sidon ak nan peyi Et.
1 Kings 21:25Pa janm gen pesonn mechan tankou Akab. Li te lage kò l' nèt nan fè sa ki mal devan Seyè a. Li te kite madanm li, Jezabèl, pran tèt li.
2 Chronicles 9:22Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo. Li te gen plis bon konprann pase yo tout.
Ecclesiastes 7:26Mwen jwenn yon bagay ki pi rèd pase lanmò. Se fanm. Lè yo di yo renmen ou, se pèlen yo pare pou ou. Lè yo pase bra yo nan kou ou, se chenn yo pase nan kou ou. Yon moun ki fè Bondye plezi va chape anba men yo. Men, moun k'ap fè sa ki mal ap tonbe anba grif yo.