The Bible Software
bible.software › Nehemiah › Nehemiah 2 › Nehemiah 2:14

Nehemiah 2:14

Mwen vanse pi devan, mwen vire sou bò nò. Mwen pase devan pòtay Fontenn lan ak Rezèvwa Wa a. Lè m' rive la, bèt mwen te moute a pa t' ka jwenn kote pou l' pase.

Bib La

In The King James Version

Then I went on to the gate of the fountain, and to the king’s pool: but there was no place for the beast that was under me to pass.

In Context

13Li te fè nwa. Nou soti nan pòtay Ti Fon an ki sou bò lwès, nou vire desann nan direksyon sid, nou pase devan Fontenn Dragon an, ak devan pòtay Depotwa a. Sou tout wout la, mwen t'ap egzaminen eta ranpa lavil Jerizalèm lan, kote ki te gen twou ak pòtay dife te boule yo.

15Nan fènwa a, mwen pase nan ravin lan, mwen moute nan direksyon nò. Mwen t'ap egzaminen eta miray la byen. Apre sa, mwen kase tèt tounen sou menm chemen m' te pase a, mwen antre nan lavil la, nan pòtay Ti-Fon an.

Read all of Nehemiah 2

Cross References

2 Kings 18:17Apre sa, wa peyi Lasiri a rete lavil Lakis li voye kòmandan chèf lame li a, chèf gad pèsonèl li a ak chèf gad palè li a ansanm ak yon gwo lame bò kote Ezekyas. Yo moute lavil Jerizalèm pou atake l'. Lè yo rive la, yo moute kan yo sou wout ki mennen nan jaden kote yo lave twal ki fenk tenn yo, toupre kannal ki bay dlo nan rezèvwa anwo lavil la.

2 Chronicles 32:30Se wa Ezekyas ki te bouche kote dlo sous Giyon an te konn soti sou anwo a pou fè l' pase sou anba bò solèy kouche lavil David la. Tou sa li te vle fè te mache byen.

Nehemiah 3:16Neemi, pitit Azbouk, chèf mwatye lavil Bèt-Sou a, te rebati pòsyon ki vin apre a, rive bò tonm David la, bò sitèn dlo a, ak bò kazèn Vanyan gason yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Nehemiah 2:14

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Nehemiah 2:13Nehemiah 2Nehemiah 2:15 →