Nehemiah 2:13
Li te fè nwa. Nou soti nan pòtay Ti Fon an ki sou bò lwès, nou vire desann nan direksyon sid, nou pase devan Fontenn Dragon an, ak devan pòtay Depotwa a. Sou tout wout la, mwen t'ap egzaminen eta ranpa lavil Jerizalèm lan, kote ki te gen twou ak pòtay dife te boule yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Nehemiah 1:3Yo reponn mwen: Moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki rete laba nan peyi nou an anba gwo pwoblèm. Yo pa konn sa pou yo fè tèlman yo wont. Kanta miray lavil Jerizalèm yo, yo te fin kraze. Gwo pòtay yo menm te menm jan an toujou depi dife te fin boule yo a.
Nehemiah 2:15Nan fènwa a, mwen pase nan ravin lan, mwen moute nan direksyon nò. Mwen t'ap egzaminen eta miray la byen. Apre sa, mwen kase tèt tounen sou menm chemen m' te pase a, mwen antre nan lavil la, nan pòtay Ti-Fon an.
Nehemiah 3:13Anoun avèk moun ki rete lavil Zanoak yo rebati Pòtay Ti-Fon an. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la. Epi yo repare yon bout nan miray la ki te mezire milsenksan (01.500) pye longè rive jouk bò Pòtay Depotwa a.
Nehemiah 12:31Mwen fè tout chèf peyi Jida yo moute sou tèt miray ranpa a: Mwen fè de gwoup mizisyen ak moun pou chante pandan y'ap mache sou tèt miray la. Premye gwoup la al sou bò dwat nan direksyon Pòtay Fatra a.