Nehemiah 4:14
Lè m' wè pèp la te gen kè sote, mwen leve, mwen pale ak chèf yo ak majistra yo ak tout rès pèp la, mwen di yo: -Nou pa bezwen pè moun sa yo! Chonje jan Seyè a gen pouvwa, jan li fè moun pè l'. Ann goumen pou moun menm ras ak nou yo, pou pitit fi nou yo, pou pitit gason nou yo, pou madanm nou yo ak kay nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 14:14Seyè a ap goumen pou nou. Nou menm, poze san nou.
Numbers 14:9Sèlman, pa kenbe tèt ak Seyè a! Nou pa bezwen pè moun k'ap viv nan peyi sa a. N'ap manje yo tankou kann. Bondye ki t'ap pwoteje yo a kouri mete deyò. Men Seyè a kanpe la avèk nou. Nou pa bezwen pè yo.
Deuteronomy 1:29Men, mwen di nou: Kè nou pa bezwen kase, nou pa bezwen pè moun sa yo.
Deuteronomy 20:3L'a di yo: -Koute byen, moun Izrayèl yo: Jòdi a nou pral goumen kont lènmi nou yo. Kè nou pa bezwen sote. Nou pa bezwen pè, nou pa bezwen tranble, ni nou pa bezwen kouri pou yo.
Judges 3:27Lè li rive Seyira nan mòn peyi Efrayim lan, li kònen pou rele moun pèp Izrayèl yo. Moun pèp Izrayèl yo desann soti nan mòn lan, epi Eyoud pran mache alatèt yo.
2 Chronicles 20:15Jaziyèl di konsa: -Louvri zòrèy nou, nou tout moun peyi Jida, moun lavil Jerizalèm ansanm ak ou menm, wa Jozafa. Seyè a voye di nou: Pa dekouraje. Nou pa bezwen pè devan gwo lame sa a. Batay sa a se pa batay pa nou, se batay Bondye menm.