Nehemiah 7:1
Lè nou te fin rebati miray la, nou moute gwo batan pòtay yo. Nou bay gad tanp yo, moun k'ap chante yo ak moun Levi yo travay yo gen pou yo fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 23:24Se tout moun nan ras Levi yo sa, dapre fanmi yo, ki te gen non yo kouche nan rejis tankou chèf fanmi. Yo chak te gen travay pa yo nan sèvis kay Seyè a, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo.
1 Chronicles 25:26-(We vèsè 31)
Ezra 3:8Te gen ennan yon mwa depi yo te rive lavil Jerizalèm sou anplasman tanp Seyè a, lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, te mete men nan travay la ansanm ak rès moun pèp la, prèt yo ak moun Levi yo, avèk tout moun ki te tounen lavil Jerizalèm. Yo pran tout moun Levi ki te gen ventan osinon plis, yo mete yo anchaj pou dirije tout travay ki t'ap fèt nan tanp Seyè a.
Nehemiah 6:1Sanbala, Tobija, Gechèm, moun peyi Arabi a, ansanm ak tout rès lènmi nou yo vin konnen nou te fin rebati miray la. Pa t' gen ankenn twou ladan l' ankò. Men lè sa a, nou pa t' ankò moute gwo batan pòtay yo.
Nehemiah 10:39Se nan chanm depo tanp lan moun pèp Izrayèl yo ak moun Levi yo va pote tout grenn, tout diven ak tout lwil yo fèt pou bay la. Se la tou y'a mete tout veso ak tout lòt bagay ki pou sèvi nan tanp lan. Epitou, prèt desèvis yo, gad pòtay tanp yo ak mizisyen tanp yo va gen kote pou yo rete la tou. Se konsa nou pran angajman nou p'ap janm neglije kay Bondye nou an ankò!
Nehemiah 12:24Chèf moun Levi yo te Achabya, Jechwa, Bennwi ak Kadmyèl. Yo te separe moun Levi yo an gwoup. De gwoup te kanpe yonn anfas lòt pou chante lwanj Seyè a ak kantik pou di Bondye mèsi, yonn apre lòt, dapre lòd wa David, sèvitè Bondye, te kite a.