Nehemiah 8:10
Okontrè, al lakay nou, fè fèt! Separe vyann gra ak bon ti likè nou genyen ak moun ki pa genyen, paske jou sa a se yon jou nou fèt pou mete apa pou Seyè a. Pa kite lapenn pran nou! Kontantman Bondye ap mete nan kè nou an va ban nou fòs!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 26:11Lèfini, li menm ak tout moun lakay li, l'a fè fèt pou tout bon bagay sa yo Seyè a te ba li. L'a fè moun Levi yo ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fete ansanm ak li tou.
1 Chronicles 16:27Devan li, se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen kè kontan kote l' ye lakay li a.
Esther 9:22Se jou sa yo jwif yo te fè lènmi yo ba yo lapè. Se mwa sa a sitiyasyon an te chanje pou yo: yo te sispann gen lapenn, kè yo te kontan. Yo pa t' dekouraje, yo t'ap fè fèt. Se pou yo te make jou sa yo tankou jou pou fè fèt ak gwo resepsyon. Jou sa a, se pou yo voye kado yonn bay lòt, se pou yo bay pòv yo kado tou.
Psalms 28:7Seyè a ap pwoteje m', l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m', kè m' kontan. M'ap chante pou m' fè lwanj li.
Psalms 149:2Se pou pèp Izrayèl la fè kè l' kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo.
Ecclesiastes 2:24Pi bon bagay yon moun ka fè, se manje, se bwè, se jwi sa travay ou rapòte ou. Men la tou, mwen wè sa se travay Bondye.