Nehemiah 9:1
Sou vennkatriyèm jou nan menm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini pou fè jèn pou mande Bondye padon pou peche yo. Tout moun te la, yon rad sak kòlèt sou yo, pousyè tè kouvri tout tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 23:39Sou kenzyèm jou setyèm mwa a, n'a fè fèt pou Seyè a pandan sèt jou, apre n'a fin rekòlte jaden nou yo. Premye jou a ak wityèm jou a va de gwo jou repo.
Judges 20:26Lè sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Seyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Seyè a, yo fè ofrann pou mande Seyè a padon.
2 Samuel 1:2Sou twazyèm jou a, yon nonm rive soti nan kan Sayil la. Rad sou li te chire, li te gen pousyè sou tèt li pou fè wè jan li te nan gwo lapenn. Lè li rive bò kote David, li lage kò l' atè, li bese tèt li byen ba devan li.
2 Chronicles 20:3Yon sèl laperèz pran Jozafa. Li pran desizyon mande Seyè a sa pou l' fè. Li bay lòd pou tout moun nan peyi a fè jèn.
Ezra 8:23Se konsa nou fè jèn, nou lapriyè Bondye pou l' pwoteje nou. Epi li reponn lapriyè nou yo.
Esther 4:3Nan tout pwovens yo, toupatou kote yo te pibliye lòd wa a, se te yon gwo lafliksyon pou jwif yo. Yo fè jèn, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn. Anpil ladan yo mete rad sak sou yo, yo kouche nan sann dife.