2 Chronicles 20:3
Yon sèl laperèz pran Jozafa. Li pran desizyon mande Seyè a sa pou l' fè. Li bay lòd pou tout moun nan peyi a fè jèn.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Moun soti toupatou nan lavil peyi Jida yo vin lapriyè nan pye Seyè a.
Cross References
Genesis 32:7Jakòb te pè anpil. Li te boulvèse. Li pran moun ki te avè l' yo, li fè yo fè de pòsyon. Li fè menm bagay la ak mouton, bèf, chamo li te genyen yo.
Judges 20:26Lè sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Seyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Seyè a, yo fè ofrann pou mande Seyè a padon.
2 Chronicles 7:14lè sa a si pèp ki pote non m' lan lapriyè nan pye m', si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m' ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m' ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.
2 Chronicles 19:3Men malgre sa, ou fè kèk bagay ki bon. Ou te kraze tout pòtre Achera, bondye fanm, ki te nan peyi a. Lèfini ou te chache fè volonte Bondye.
Nehemiah 9:1Sou vennkatriyèm jou nan menm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini pou fè jèn pou mande Bondye padon pou peche yo. Tout moun te la, yon rad sak kòlèt sou yo, pousyè tè kouvri tout tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.
Psalms 56:3(056:4) Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.