Nehemiah 9:21
Pandan karantan, ou pran swen yo nan dezè a: yo pa janm manke anyen! Rad sou yo pa janm fini, pye yo pa janm anfle.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 14:33Pitit nou yo pral moute desann nan tout dezè a. Pandan karant lanne, y'a peye pou vire nou te vire do ban mwen an, jouk nou tout nèt n'a fin mouri nan dezè a.
Deuteronomy 8:2Chonje tout chemen Seyè a, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l' te ka kraze lògèy nou, pou l' te ka sonde nou, pou l' te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te soti pou kenbe kòmandman l' yo.
Deuteronomy 29:5Pandan karantan, mwen pran men nou, mwen moutre nou chemen pou nou swiv nan dezè a. Rad sou nou pa t' janm chire, sapat nan pye nou pa t' janm fini.
Amos 5:25Nou menm, moun Izrayèl, pandan karantan nou pase nan dezè a, nou janm ofri bèt pou touye pou mwen? Nou janm ofri m' gato?