Nehemiah 9:37
Tout rekòt peyi a al nan pòch wa ou mete sou kou nou. Tou sa, paske nou te fè peche. Yo fè sa yo vle ak nou ansanm ak bèt nou yo. Aa! Gade nan ki mizè nou ye non!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:33Moun nou pa janm konnen va manje tou sa ki nan jaden nou ak tout pwofi travay nou. Se tout tan y'a malmennen nou, y'a maltrete nou.
Deuteronomy 28:48Se poutèt sa, nou pral sèvi lènmi Seyè a pral voye sou nou. Nou pral soufri grangou, swaf dlo, toutouni, dizèt ak tout kalite mizè. Seyè a pral fè lènmi yo kraze nou anba men yo, jouk y'a fini nèt ak nou.
Ezra 4:13Nou vle fè wa a konnen, si moun sa yo rebati lavil la, si yo remoute miray ranpa a ankò, yo p'ap peye okenn taks, yo p'ap fè okenn kontribisyon, ni yo p'ap bay lajan yo fè moun peye pou pase lakay yo. Lè sa a se kès wa a menm ki pral fè defisi.
Ezra 7:24Epi m' fè nou konnen yo pa gen dwa fè ni prèt yo, ni moun Levi yo, ni sanba yo, ni gad tanp yo, ni domestik yo, ni okenn lòt moun k'ap sèvi nan tanp Bondye a, peye okenn taks, okenn kontribisyon ni okenn dwa lese pase.
John 8:33Yo di li: Nou se pitit pitit Abraram. Nou pa janm esklav pesonn. Ki jan ou ka fè di nou: N'a gen libète nou?