Nehemiah 9:6
Seyè, se ou menm ki sèl mèt. Pa gen lòt. Se ou ki fè syèl la, sa ki anwo syèl la ansanm ak tout sa ki ladan l'. Se ou ki fè tè a ak tou sa ki sou li, lanmè a ak tou sa ki ladan l'. Se ou ki bay tout bagay sa yo lavi. Tout pouvwa nan syèl la bese tèt devan ou pou adore ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 1:1Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.
Genesis 2:1Konsa, Bondye te fin fè syèl la, latè a ansanm ak tout sa ki ladan yo.
Deuteronomy 6:4Koute byen, nou menm pep Izrayèl! Seyè a, Bondye nou an, se li ki sèl mèt.
Deuteronomy 32:39Se mwen menm, mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt bondye pase mwen menm. Mwen bay lavi, mwen pran lavi jan m' vle. Lè mwen bay maladi, se mwen ki pou bay gerizon. Pa gen moun ki ka delivre pesonn anba men mwen.
1 Kings 22:19Miche pran lapawòl ankò li di: -Bon! Koute mesaj Seyè a. Mwen te wè Seyè a chita sou fotèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l', sou bò dwat ak sou bò gòch li.
2 Kings 19:19Koulye a, Seyè, Bondye nou an, tanpri, delivre nou anba men Senakerib, pou tout nasyon ki sou latè ka konnen se ou menm sèl, Seyè, ki Bondye.