Nehemiah 9:7
Seyè, se ou menm Bondye ki te chwazi Abram, ki te fè l' kite lavil Our nan peyi Kalde. Ou chanje non l', ou rele l' Abraram.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 11:31Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la.
Genesis 15:7Seyè a di. Se mwen menm, Seyè a, ki te fè ou soti lavil Our nan peyi Kalde a, pou m' te ka ba ou peyi sa a pou ou.
Deuteronomy 10:15Men, pami tout ras moun ki sou latè yo, se zansèt nou yo li te pi pito, paske li te renmen yo. Apre yo, se nou menm, pitit yo, li pi pito nan mitan tout lòt ras moun, jan sa ye jouk koulye a.
1 Chronicles 1:27ak Abram ki te rele Abraram tou.
Isaiah 41:9Mwen pran nou nan dènye bout latè, mwen rele nou soti byen lwen. Mwen di nou: Se sèvitè m' nou ye! Se chwazi mwen te chwazi nou, mwen pa voye nou jete.
Acts 7:2Etyèn reponn: Frè m' yo, grandèt mwen yo, koute. Bondye, ki gen bèl pouvwa a, te parèt devan Abraram, zansèt nou. Lè sa a, li te rete nan peyi Mezopotami, li pa t' ankò vin rete Karan.