Numbers 1:16
Se moun sa yo yo te chwazi nan pèp la pou fè travay la. Se yo ki te chèf lakay yo, chèf branch fanmi zansèt yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Nan branch fanmi Neftali a, se va Ayira, pitit gason Enan.
17Moyiz ak Arawon pran douz mesye Bondye te nonmen yo,
Cross References
Exodus 18:25Moyiz chwazi nan mitan pèp Izrayèl la kèk nèg ki kapab dirije pèp la, li mete yo chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.
Numbers 2:3Tout moun k'ap mache anba làbanyè Jida a va moute kan yo sou bò solèy leve, chak divizyon apa. Se Nakchon, pitit gason Aninabad la, ki te chèf fanmi Jida a.
Numbers 7:10Chèf yo te fè lòt ofrann pou lotèl la, jou yo t'ap vide lwil sou li pou mete l' apa pou sèvis Bondye a. Yo mete ofrann yo devan lotèl la.
Numbers 10:14Premye moun ki pati se moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Jida a, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Jida yo, se te Nakchon, pitit gason Aminadab la.
Numbers 16:2Yo revòlte kont Moyiz. Te gen desansenkant (0250) lòt moun nan pèp Izrayèl la avèk yo. Mesye sa yo, se te chèf pèp la menm te chwazi, moun ki te fè pati konsèy pèp la, chèf moun yo te konsidere anpil.
Deuteronomy 1:15Se konsa mwen pran nan chak branch fanmi nou yo moun ki gen lespri, moun ki konn lavi, mwen mete yo chèf pou dirije nou. Genyen mwen mete chèf sou mil gason, dòt sou san gason, dòt sou senkant gason, dòt ankò sou dis gason. Mwen te chwazi lòt chèf tou pou chak branch fanmi.