Numbers 7:10
Chèf yo te fè lòt ofrann pou lotèl la, jou yo t'ap vide lwil sou li pou mete l' apa pou sèvis Bondye a. Yo mete ofrann yo devan lotèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 7:1Jou Moyiz te fin moute kay Bondye a, li vide lwil sou li pou mete l' apa pou Bondye, li fè sèvis pou mete l' apa pou Bondye ansanm ak tout bagay ki mache avè l' nan tant lan, lotèl la ak tout bagay ki sèvi sou lotèl la.
1 Kings 8:63Salomon te ofri venndemil (022.000) towo ak sanvenmil (0120.000) mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a.
2 Chronicles 7:9Yo pase sèt jou ap fè sèvis pou mete lotèl la apa pou sèvis Bondye, lèfini yo pase sèt jou ankò ap fè fèt. Sou wityèm jou fèt la, yo fè yon gwo sèvis pou fèmen seremoni an.
Nehemiah 12:27Lè yo tapral fè sèvis benediksyon miray ranpa lavil Jerizalèm lan, yo fè chache tout moun Levi yo toupatou kote yo te rete, yo mennen yo lavil Jerizalèm. Yo te vle fè yon gwo fèt pou sèvis benediksyon an ak kè kontan. t'ap gen chante pou di Bondye mèsi, avèk mizik, senbal, gita ak bandjo.
Psalms 30:1(030:1) Kantik pou fèt Benediksyon Tanp lan. Se yon sòm David. (030:2) M'ap fè lwanj ou, Seyè, paske ou mete m' sou de pye m' ankò, paske ou pa bay lènmi m' yo chans pou yo pase m' nan rizib.