Numbers 11:18
W'a di pèp la menm: Pran nwit la pou nou pare kò nou pou nou ka fè sèvis pou mwen denmen maten. Epi n'a jwenn vyann pou nou manje. Seyè a te tande jan nou t'ap plenyen nan zòrèy li, jan nou t'ap di nou ta renmen jwenn vyann pou nou manje. Nou te pi bon lè nou te nan peyi Lejip. Koulye a, Seyè a pral ban nou vyann. Se pou nou manje l' ban mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 16:3Yo t'ap di yo: -Poukisa Seyè a pa t' tou touye nou nan peyi Lejip la? Lè sa a, nou te konn chita devan bòl vyann nou, nou te konn manje pen plen vant nou. Men, ou menm ak Arawon, nou mennen nou nan dezè sa a pou fè tout kantite moun sa yo mouri grangou.
Exodus 19:10Seyè a di Moyiz: -Ale bò kote pèp la. Fè yo pran jounen jòdi a ak jounen denmen an pou yo mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se pou yo lave rad yo.
Numbers 11:1Pèp la te konmanse ap plenyen nan zòrèy Seyè a jan zafè yo pa t' bon. Lè Seyè a tande sa, li fè yon sèl kòlè, li voye dife sou pèp la. Dife a pran nan mitan yo, li boule yon bò nan kan an nèt.
Numbers 14:2Yo tout t'ap bougonnen sou Moyiz ak Arawon. Yo vin di yo konsa: -Pito nou te mouri nan peyi Lejip osinon nan dezè a!
Judges 21:2Pèp la moute lavil Betèl, yo chita devan Bwat Kontra Seyè a jouk aswè. Yo t'ap rele, yo t'ap kriye ak gwo dlo nan je yo.
Acts 7:39Men, zansèt nou yo pa t' vle obeyi l'; yo mete l' sou kote, epi yo te anvi tounen Lejip.