Exodus 19:10
Seyè a di Moyiz: -Ale bò kote pèp la. Fè yo pran jounen jòdi a ak jounen denmen an pou yo mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se pou yo lave rad yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:14Moyiz desann soti sou mòn lan, l' al bò kote pèp la. Li fè yo mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a. Yo lave rad yo.
Leviticus 11:44Se mwen menm Seyè a ki Bondye nou. Se pou nou kenbe kò nou yon jan pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Pa kite ankenn ti bèt k'ap trennen sou vant mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi m'.
Numbers 8:7Men ki jan w'a fè l': W'a pran nan dlo pou wete peche a, w'a voye l' sou yo. Apre sa, y'a koupe cheve ak pwal sou tout kò yo nèt, epi y'a lave rad ki sou yo. Se konsa y'a nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen.
Numbers 11:18W'a di pèp la menm: Pran nwit la pou nou pare kò nou pou nou ka fè sèvis pou mwen denmen maten. Epi n'a jwenn vyann pou nou manje. Seyè a te tande jan nou t'ap plenyen nan zòrèy li, jan nou t'ap di nou ta renmen jwenn vyann pou nou manje. Nou te pi bon lè nou te nan peyi Lejip. Koulye a, Seyè a pral ban nou vyann. Se pou nou manje l' ban mwen.
Numbers 31:24Sou setyèm jou a, n'a lave rad ki sou nou yo. Konsa n'a nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye. Se lè sa a n'a ka antre nan kan an.
Joshua 7:13Leve non! Fè sèvis pou mete pèp la nan kondisyon pou sèvi m'. W'a di yo pou yo pare kò yo pou yo ka nan kondisyon fè sèvis pou mwen denmen, paske mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, men sa mwen di: Nou menm pèp Izrayèl, nou gen nan mitan nou bagay mwen te ban nou lòd detwi. Nou p'ap ka kenbe tèt ak lènmi nou yo si nou pa wete l' nan mitan nou.