Numbers 11:22
Kote pou yo jwenn kantite mouton ak bèf pou touye ki pou ta kont pou yo? Si yo ta ka ranmase tout pwason ki nan lanmè, ou kwè li ta ase pou yo?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 11:13Kote pou m' jwenn vyann pou m' bay tout moun sa yo? Y'ap plede plenyen nan zòrèy mwen, y'ap mande m' pou m' ba yo vyann pou yo manje.
Matthew 15:33Disip yo mande li: Nan dezè sa a, ki bò pou nou jwenn pen pou bay tout moun sa yo manje?
Mark 8:4Disip li yo reponn li: -Nan dezè sa a, ki bò poun jwenn pen pou plen vant tout moun sa yo?
Luke 1:34Mari di zanj lan konsa: Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason!
John 6:9Gen yon ti gason la a ki gen senk pen fèt ak farenn lòj, ak de ti pwason. Men, sa pa anyen pou tout kantite moun sa yo.