Numbers 11:23
Seyè a di Moyiz: -Pa gen bagay mwen vle fè mwen pa ka fè! Talè konsa w'a wè si sa m' di a p'ap rive vre.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 6:1Seyè a di Moyiz konsa: -Se koulye a ou pral wè sa m' pral fè farawon an. Mwen pral fè l' santi fòs ponyèt mwen. Vle pa vle, l'ap kite yo ale. Wi, m'ap fòse l' sitèlman, se mete l'ap mete yo deyò nan peyi l' a.
2 Kings 4:43Men domestik la di l': —Ki jan pou m' rive bay san moun manje ak ti pwovizyon sa a? Elize reponn li: —Ba yo l' pou yo manje, paske Seyè a di y'ap manje kont yo, y'ap kite rès.
2 Kings 7:17Men, wa a te mete chèf gadkò li a ap veye pòtay lavil la. Se konsa pèp la pilonnen l' anba pye yo lè y'ap pase nan pòtay lavil la. Li mouri jan Elize te di l' sa lè wa a te vin wè l' la.
Isaiah 50:2Poukisa, atò, lè mwen vin delivre nou an, pa gen pesonn ki vini jwenn mwen? Poukisa, lè m' rele nou, pesonn pa reponn? Eske se fòs mwen pa gen fòs ase pou m' delivre nou? Eske ponyèt mwen twò fèb pou m' sove nou? Se konnen nou pa konnen mwen annik louvri bouch mwen epi tout dlo lanmè cheche, tout larivyè tounen ravin chèch, tout pwason mouri paske yo pa jwenn dlo. Y'ap pouri.
Jeremiah 32:17-Aa, Seyè, Bondye! Se avèk fòs kouraj ou, se avèk gwo pouvwa ou ou te fè syèl la ak latè a. Anyen pa twò difisil pou ou.
Jeremiah 44:28Gen yon ti ponyen moun ase ki va chape nan lagè a. Y'a kite peyi Lejip, y'a tounen nan peyi jida. Lè sa a, ti rès ki va rete nan moun pèp Jida ki te desann al viv nan peyi Lejip la va wè kilès ki te gen rezon, nou menm osinon mwen menm.