Numbers 11:31
Apre sa, Seyè a fè yon sèl van soufle sot nan lanmè, li bwote yon bann zòtolan ki vin tonbe toupatou nan kan kote moun yo te rete a ak toutotou kan an. Yon moun ta gen dwa mache tout yon jounen nan nenpòt direksyon anvan pou l' ta kite kote zòtolan yo te tonbe a. Zòtolan yo te fè pil rive twa pye wotè sou tè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
30Apre sa, Moyiz tounen nan kan an ansanm ak swasanndis chèf fanmi yo.
Cross References
Exodus 10:13Moyiz lonje baton l' lan sou peyi Lejip la. Seyè a fè yon van nòde soufle sou peyi a. Van an soufle tout yon jounen ak tout yon nwit. Nan maten, van an pote krikèt vèt yo vini.
Exodus 15:10Ou annik fè yon ti van leve, lanmè a kouvri yo. Lanmè a te move, yo desann nan fon tankou plon.
Psalms 78:26Lèfini, li fè yon van lès soufle nan syèl la. Avèk pouvwa li, li fè yon van leve soti nan sid.
Psalms 105:40Yo mande l' vyann, li ba yo zòtolan. Li ba yo pen ki soti nan syèl pou plen vant yo.