Numbers 12:2
Yo t'ap di konsa: -Eske se sèlman Moyiz Seyè a te pran pou pale ak pèp la? Eske li pa konn pale ak nou pou pèp la tou? Seyè a tande sa yo t'ap di a.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Moyiz te marye ak yon fanm peyi Etiopi. Miryam ak Arawon t'ap pale Moyiz mal sou sa.
3Men Moyiz se yon nonm ki pa t' grandizè. pa t' gen pase l' sou latè.
Cross References
Genesis 29:33Leya vin ansent ankò, li fè yon lòt gason. Li di: -Seyè a ban m' yon lòt gason ankò, paske li wè jan mari m' pa renmen m' menm. Se konsa li rele l' Simeyon.
Exodus 4:30Arawon di yo tou sa Seyè a te di Moyiz. Moyiz menm fè tout mirak yo devan tout pèp la.
Exodus 7:10Moyiz ak Arawon al bò kote farawon an. Yo fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon voye baton l' lan devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Baton an tounen yon koulèv.
Numbers 11:1Pèp la te konmanse ap plenyen nan zòrèy Seyè a jan zafè yo pa t' bon. Lè Seyè a tande sa, li fè yon sèl kòlè, li voye dife sou pèp la. Dife a pran nan mitan yo, li boule yon bò nan kan an nèt.
Numbers 16:3Yo tout reyini devan Moyiz ak Arawon, yo di yo konsa: -Koulye a, mesye, n' al twò lwen tande! Dènye moun nan pèp la se pou Seyè a y'ap viv. Seyè a la nan mitan nou tout, pa vre? Poukisa, nou menm Moyiz ak Arawon, nou pran pòz chèf nou anwo pèp Seyè a konsa?
2 Kings 19:4Wa peyi Lasiri a te voye chèf gad palè li a manke Bondye vivan an dega. Se pou Seyè a, Bondye ou la, tande tout jouman sa yo. Se pou l' peni moun ki di pawòl sa yo. Ou menm, lapriyè pou rès moun pèp nou an ki vivan toujou.