Numbers 14:18
Se mwen menm ki Seyè a, mwen pa an kòlè fasil, mwen p'ap janm sispann renmen nou. M'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal ak sa nou te dwe fè nou pa fè. Men, mwen pa nan kase fèy kouvri sa ak pesonn. Si yon moun fè yon bagay mal, m'ap pini pitit li, pitit pitit li, ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Non. Seyè! Se koulye a pou ou fè wè gwo pouvwa ou la, jan ou te pwomèt l' a, lè ou te di:
Cross References
Exodus 34:6Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li.
Job 21:19Yo pretann di Bondye va pini pitit pou peche papa yo! Poukisa se pa papa yo menm li pini pou yo ka pran leson?
Psalms 103:8Seyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.
Jeremiah 23:2Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di sou chèf li mete reskonsab pèp li a: Nou gaye tout mouton m' yo. Nou lage yo nan bwa, nou pa okipe yo. Mwen pral regle nou pou tout mechanste nou yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
Lamentations 5:7Zansèt nou yo fè peche. Yo pa la ankò! Se nou menm k'ap peye pou sa yo te fè.
Micah 7:18Pa gen bondye tankou ou, ou menm ki padonnen mechanste ti rès ki rete nan pèp ou a, ou menm ki pa gade sou sa yo fè ki mal. Ou pa fache pou tout tan. Ou pran tout plezi ou nan gen pitye pou moun.