Numbers 14:19
Tanpri, jan ou gen bon kè sa a, padonnen sa pèp la fè ki mal la, menm jan ou te pran pasyans ak yo depi yo kite peyi Lejip jouk yo rive isit la.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Seyè a di: -M'ap padonnen yo, jan ou mande m' lan.
Cross References
Exodus 32:12Atò, sa pou moun peyi Lejip yo di? y'a di: Ala Bondye malveyan! Li fè yo soti kite Lejip pou l' te ka touye yo nan mòn yo, pou l' te ka disparèt yo sou latè. Seyè, pa koute kòlè ou! Chanje lide. Pa fè malè sèk sa a tonbe sou pèp ou a.
Exodus 33:17Seyè a di Moyiz: -m'a fè sa ou mande m' lan, paske ou fè kè m' kontan anpil. Mwen konnen ki moun ou ye.
1 Kings 8:34tanpri, kote ou ye nan syèl la, koute yo. Padonnen peche pèp Izrayèl ou a, fè yo tounen nan peyi ou te bay zansèt yo a.
Psalms 78:38Men, paske Bondye te gen pitye pou yo, li padonnen peche yo, li pa t' touye yo. Anpil fwa menm, li kenbe, li pa t' fè kòlè sou yo. Li pa t' kite kòlè l' tonbe sou yo.
Psalms 106:45Li chonje kontra li te pase ak yo, li gen pitye pou yo paske li renmen yo anpil.
Ezekiel 20:8Men, yo te kenbe tèt avè m', yo derefize koute m'. Yo yonn pa t' voye vye zidòl derespektan yo te renmen yo jete. Yo tout te derefize kite vye zidòl peyi Lejip yo. Lè sa a, la menm nan peyi Lejip la, m' te fè lide pou m' te fè yo wè jan m' te move, pou m' te fè yo santi sa m' ta ka fè yo lè m' fache.