Numbers 14:34
Nou menm, n'a peye konsekans peche nou an pandan karant lanne, yon lanne pou chak jou nan karant jou nou te pase ap vizite peyi a. Lè sa a, n'a konnen sa sa vle di lè m' vire do bay moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 13:25Apre karant jou, lè yo fin vizite toupatou nan peyi a, yo tounen,
Numbers 32:13Se konsa, Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li fè yo moute desann nan dezè a pandan karantan, jouk dènye moun ki te fè sa ki mal devan Seyè a mouri.
Joshua 14:10Gade! Seyè a kenbe pwomès li, li pa kite m' gen tan mouri. Sa te fè deja karannsenkan depi Seyè a te di Moyiz sa. Lè sa a, pèp Izrayèl la t'ap moute desann nan dezè a. Koulye a mwen gen katrevensenkan.
1 Kings 8:56-Lwanj pou Seyè a ki bay pèp Izrayèl la kè poze, jan li te pwomèt la. Li kenbe tout bèl pwomès li te fè nan bouch Moyiz, sèvitè l' la.
Psalms 38:4(038:5) Peche m' yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y'ap kraze m' tankou yon chay ki twò lou pou mwen.
Psalms 95:10Pandan karantan, ras moun sa yo ban m' degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo.