Numbers 13:29
Moun Amalèk yo rete nan sid peyi a, nan zòn Negèv la. Moun It yo, moun Jebis yo ak moun Amon yo rete nan mòn yo. Moun Kanaran yo rete bò lanmè Mediterane a ak bò larivyè Jouden an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 14:7Apre sa, yo kase tèt tounen, yo rive bò Sous jijman an, yo bat tout chèf moun Amelèk yo, yo pran tout bèt yo. Yo bat moun Amori yo tout ki rete Azazon-Tama, yo bat yo byen bat.
Genesis 15:20moun Et yo, moun Ferezi yo, moun refayim yo,
Exodus 3:8Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
Exodus 17:8Antan pèp Izrayèl la Refidim, moun Amalèk yo vin pou goumen ak yo.
Numbers 14:43Lè n'a rive devan moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo, nou pral mouri nan batay la. Seyè a p'ap kanpe la avèk nou, paske nou te vire do ba li.
Numbers 24:20Apre sa, Balaam wè moun Amalèk yo nan vizyon l' lan. Li bay mesaj sa a, li di konsa: -Moun Amalèk yo, se yon nasyon ki fò anpil. Men, bout pou bout, yo gen pou yo disparèt nèt.