Numbers 15:35
Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: -Se pou nou touye nonm lan pou sa li fè a. Y'a mennen msye andeyò limit kan kote yo rete a, pou tout moun kalonnen l' kout wòch jouk li mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
34Yo pran msye, yo mete moun veye l', paske yo pa t' fin konnen sa pou yo te fè avè l'.
Cross References
Leviticus 20:2-Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Depi yon moun bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis zidòl Molòk, li te mèt moun peyi a osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a, se pou yo touye l'. Wi, tout moun nan peyi a va kalonnen l' wòch jouk li mouri.
Leviticus 24:23Moyiz pale ak moun pèp Izrayèl yo, epi yo pran nonm ki te nonmen non Bondye a mal la, yo mennen l' andeyò lòt bò limit kote tout moun rete a, epi yo kalonnen l' wòch jouk yo touye l'. Se konsa moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.
1 Kings 21:13De vakabon vin rive, yo kanpe devan Nabòt, yo akize msye devan tout pèp la. Yo di li derespekte Bondye ansanm ak wa a. Lamenm, yo pran Nabòt, yo mennen l' andeyò limit lavil la, yo kalonnen li wòch jouk li mouri.
Hebrews 13:11Lè y'ap fè ofrann bèt pou touye pou peche yo, se san an ase granprèt jwif la pote pou ofri nan kote ki apa pou Bondye a. Men, yo boule kò bèt yo lòt bò pòtay lakou kote moun yo rete a.