Leviticus 20:2
-Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Depi yon moun bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis zidòl Molòk, li te mèt moun peyi a osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a, se pou yo touye l'. Wi, tout moun nan peyi a va kalonnen l' wòch jouk li mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
Cross References
Leviticus 17:8Epi w'a di yo ankò: Ankenn moun nan pèp Izrayèl la, ni moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo pa gen dwa touye bèt yo ofri ni pou yo boule nèt ni pou lòt kalite sèvis
Leviticus 17:15Mwen pa bezwen konnen si se moun pèp Izrayèl la osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, depi yon moun manje vyann yon bèt mouri osinon vyann bèt yon lòt bèt nan bwa ta touye, l'a gen pou l' lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo, epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. Se aprè sa l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
Leviticus 20:27Depi yon nonm osinon yon fanm gen lespri yon mò sou li, osinon yon lòt lespri k'ap fè l' fè divinò, se pou yo touye yo. Y'a touye yo ak kout wòch. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.
Leviticus 24:16Se pou yo touye l'. Wi, si yon moun peyi a osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou derespekte Bondye, se pou yo touye l'. Tout moun nan peyi a va kalonnen l' wòch jouk li mouri.
Numbers 15:35Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: -Se pou nou touye nonm lan pou sa li fè a. Y'a mennen msye andeyò limit kan kote yo rete a, pou tout moun kalonnen l' kout wòch jouk li mouri.
Deuteronomy 13:10N'a kalonnen l' wòch jouk li mouri, paske li te vle fè nou vire do bay Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la.