Numbers 15:41
Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip la pou m' te ka Bondye nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 6:7M'ap adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m'a Bondye nou. N'a konnen se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a.
Leviticus 25:38Se mwen menm Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka ban nou peyi Kanaran an epitou pou m' te ka Bondye nou.
Jeremiah 31:31Seyè a di ankò: Lè a pral rive, mwen pral pase yon lòt kontra avèk moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo.
Ezekiel 36:25M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m', m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo.
1 Peter 2:9Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, yon bann prèt k'ap sèvi Wa a, yon nasyon k'ap viv apa pou Bondye, yon pèp li achte. Li fè tou sa pou n' te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.