Numbers 15:5
Lè n'ap fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, n'a ofri de boutèy ka plen diven pou chak ti mouton n'ap ofri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:40Avèk premye ti mouton an, w'a ofri sèt ti mamit farin frans melanje ak yon lit edmi bon lwil oliv fèt nan moulen. W'a pran yon lit edmi diven pou ofri pou bwason ak manje a.
Numbers 28:7Avèk chak ti mouton, n'a ofri de boutèy ka bwason, n'a vide l' sou lotèl la pou Seyè a.
Judges 9:13Pye rezen an di yo: Nou ta vle mwen sispann bay diven ki fè kè bondye yo ak kè lèzòm kontan pou m' al chèf sou tout pyebwa!
Ezra 7:17Konsa, avèk tout ajan sa a w'a achte towo bèf, belye mouton, jenn ti mouton ansanm ak grenn jaden, grenn danre, diven ak lwil ki pou mache ak yo. Epi w'a ofri yo sou lotèl la nan tanp Bondye ou la ki lavil Jerizalèm.
Song of Solomon 1:4Pran m' avè ou non! Ann kouri ale! Se ou menm ki wa mwen. Mennen m' nan chanm ou. Depi ou la, se pa ti kontan n'ap kontan. N'ap chante karès ou ki pi dous pase siwo myèl. Jenn fi yo gen rezon renmen ou konsa!
Matthew 26:28Paske, sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo.