Song of Solomon 1:4
Pran m' avè ou non! Ann kouri ale! Se ou menm ki wa mwen. Mennen m' nan chanm ou. Depi ou la, se pa ti kontan n'ap kontan. N'ap chante karès ou ki pi dous pase siwo myèl. Jenn fi yo gen rezon renmen ou konsa!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 45:14(045:15) Yo mennen l' bò kote wa a, avèk bèl rad bwode li sou li. Tout fidonè li yo ap mache dèyè l': yo prezante yo ba ou tou.
Psalms 63:5(063:6) M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l'. Wi, se konsa kè m' ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou.
Psalms 103:1Se yon sòm David. Kite m' di Seyè a mèsi! Kite m' di Seyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!
Psalms 119:32M'ap prese obeyi kòmandman ou yo lè ou louvri lespri mwen.
Psalms 149:2Se pou pèp Izrayèl la fè kè l' kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo.
Song of Solomon 2:3Tankou yon pye ponm nan mitan yon rakbwa, se konsa mennaj mwen ye nan mitan lòt jenn gason yo. Mwen renmen chita anba lonbray li. Donn li gou nan bouch mwen.