Numbers 16:1
Kore, pitit gason Iza, moun laras Levi nan fanmi Keyat la, pran tèt Datan ak Abiram, pitit gason Eliyab yo ansanm ak One, pitit gason Pelèt, twa moun laras Woubenn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 6:16Apre li vin Levi. Men non pitit Levi yo ak tout pitit yo: Gèchon, Keyat ak Merari. Levi te viv santrannsetan (0137 an).
Exodus 6:21Men pitit Jizeya yo: Kore, Nefèg ak Zikri.
Numbers 27:3-Papa nou mouri nan dezè a san li pa kite okenn pitit gason. Li pa t' fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Seyè a. Se poutèt pwòp peche pa l' yo kifè li mouri san li pa t' gen tan gen pitit gason.
1 Chronicles 5:1Men moun branch fanmi Woubenn, premye pitit Izrayèl la. Se Woubenn ki te premye pitit gason, men li te pèdi dwa premye pitit li paske li te kouche ak yonn nan madanm papa l' yo. Se pitit Jozèf yo, yon lòt pitit Izrayèl, yo te bay dwa premye pitit la. Tansèlman, yo pa t' pote non Jozèf la sou rejis tankou premye pitit.