Numbers 27:3
-Papa nou mouri nan dezè a san li pa kite okenn pitit gason. Li pa t' fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Seyè a. Se poutèt pwòp peche pa l' yo kifè li mouri san li pa t' gen tan gen pitit gason.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 14:35Se mwen menm Seyè a ki di sa: Mwen fè sèman se konsa mwen pral aji ak bann moun sa yo ki mete tèt yo ansanm sou do m'. Yo tout gen pou yo disparèt nan dezè sa a. Wi, se la menm yo tout ap mouri.
Numbers 16:2Yo revòlte kont Moyiz. Te gen desansenkant (0250) lòt moun nan pèp Izrayèl la avèk yo. Mesye sa yo, se te chèf pèp la menm te chwazi, moun ki te fè pati konsèy pèp la, chèf moun yo te konsidere anpil.
Numbers 16:32Li vale yo, yo menm, tout fanmi yo ansanm ak tout moun ki te pran pozisyon pou Kore, ak tou sa ki te pou yo.
Numbers 26:9Eliyab te papa Nemwèl, Datan ak Abiram. Se Datan ak Abiram sa yo, de nèg moun yo te konsidere anpil, ki te revòlte kont Moyiz ak Arawon. Yo te fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Seyè a.
Numbers 26:64Pami yo pa t' gen yonn menm nan sa Moyiz ak Arawon te konte lè yo t'ap fè premye resansman pèp Izrayèl la nan dezè Sinayi a.
Ezekiel 18:4Lavi tout moun, papa, manman kou pitit, se pou mwen yo ye. Moun ki fè peche a, se li menm k'ap mouri.