Numbers 16:11
Lè ou menm ak tout bann mesye ou yo n'ap plenyen konsa sou do Arawon, kisa Arawon ye nan sa? Konnen se kont Seyè a menm wi nou pran pozisyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 17:2Yo leve fè kont ak Moyiz. Yo di l': -Ban nou dlo pou nou bwè! Moyiz reponn yo: -Poukisa n'ap chache m' kont konsa? Pouki n'ap sonde Seyè a konsa?
1 Samuel 8:7Seyè a di Samyèl ankò: -Ou mèt koute tou sa pèp la di ou. Paske se pa ou menm y'ap voye jete, se mwen menm menm y'ap voye jete. Yo pa vle m' pou wa yo ankò.
Psalms 106:16Antan yo la nan dezè a yo te rayi sò Moyiz ak sò Arawon, sèvitè Bondye te chwazi a.
John 13:20Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki resevwa moun mwen voye a, li resevwa m' tou. Moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan.
Romans 13:2Se poutèt sa, moun k'ap kenbe tèt ak otorite yo, yo refize obeyi lòd Bondye tabli. Moun ki refize obeyi lòd la, y'ap rale yon jijman sou tèt pa yo.
1 Corinthians 10:10Pa bougonnen tankou kèk ladan yo te bougonnen. Lè sa a, zanj lanmò a te touye yo tout.