Numbers 16:10
Ou menm Kore ak tout frè ou yo, pitit Levi yo, li ban nou dwa pou nou pwoche bò kote l'. Epi koulye a, n'ap mande pou yo ban nou plas prèt yo!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 3:6-Fè moun fanmi Levi yo pwoche. Mete yo ansanm ak Arawon, prèt la, pou yo ka ede l' nan travay l'ap fè a.
Numbers 18:7Men, se ou menm sèl ak pitit gason ou yo ki pou fè travay prèt yo bò lotèl la ak dèyè rido a. Sa se travay pa nou sa. Mwen ban nou pouvwa pou nou sèvi m' prèt. Se yon kado mwen fè nou. Se pou yo touye nenpòt lòt moun ki va pwoche bò bagay yo mete apa pou mwen yo.
Matthew 20:21Jezi di li: Kisa ou vle? Madanm lan reponn: Men de pitit mwen yo. Bay lòd pou yo chita, yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè ou va wa.
Romans 12:10Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.
3 John 1:9Mwen te ekri yon lèt tou kout voye bay legliz la. Men, Diyotrèf ki renmen pran pòz chèf li nan mitan yo a, refize koute sa m' di a.