Numbers 16:42
Lè pèp la fin sanble pou yo pran pozisyon kont Moyiz ak Arawon, yo vire je yo gade Tant Randevou a, yo wè nwaj la te kouvri tant lan. Menm lè a, pouvwa Bondye-a parèt tankou yon gwo limyè.
Bib La
In The King James Version
In Context
43Moyiz ak Arawon ale, yo kanpe devan Tant Randevou a.
Cross References
Exodus 16:7Denmen maten, n'a wè ki kalite pouvwa Seyè a genyen. Li tande jan n'ap bougonnen sou do li. Paske mwen menm ak Arawon, kisa nou ye pou se sou nou n'ap bougonnen konsa? Se sou Bondye n'ap bougonnen.
Exodus 24:16Pouvwa Seyè a desann sou mòn Sinayi a. Nwaj kouvri mòn lan pandan sis jou. Sou setyèm jou a, Seyè a rete nan nwaj la, li rele Moyiz.
Leviticus 9:23Moyiz ak Arawon antre anndan Tant Randevou a. Lè yo soti, yo beni pèp la ankò. Se lè sa a pouvwa Seyè a parèt devan je pèp la.
Numbers 16:19Kore te fè tout pèp la reyini nan pòt Tant Randevou a anfas Moyiz ak Arawon. Yo rete konsa, epi pouvwa Bondye parèt tankou yon gwo limyè devan tout pèp la.