Numbers 16:5
-Denmen maten, Seyè a va fè nou konnen ki moun ki pou li, ki moun li mete apa pou l' ak ki moun ki gen dwa pwoche bò kote l'. Moun la kite pwoche bò kote l' la, n'a konnen se moun sa a Bondye chwazi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 28:1W'a pran Arawon ak pitit li yo: Nadab, Abiyou, Eleaza, Itama, w'a wete yo nan mitan moun Izrayèl yo, w'a fè yo vin jwenn ou. W'a mete yo apa pou yo sèvi m' prèt.
Exodus 28:43Se pou Arawon ak pitit gason l' yo toujou pote kalson yo lè y'ap antre nan Tant Randevou a, osinon lè y'ap pwoche bò lòtèl la pou fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a. Konsa, yo p'ap fè sa ki mal, yo p'ap mouri. Sa se yon lwa k'ap la pou tout tan pou Arawon ak tout pitit pitit gason li yo apre li.
Leviticus 10:3Lè sa a, Moyiz di Arawon: -Men sa Seyè a t'ap di nou an wi lè l' te di: Moun k'ap sèvi m' fèt pou respekte m'. M'a fè pèp la konnen pouvwa mwen! Arawon pa di anyen.
Leviticus 21:12Li pa fèt pou l' kite kay Bondye a pou l' al antre nan yon kay kote gen kadav moun mouri, menm si se papa l' osinon manman l' ki mouri a. Se mwen menm ki Seyè a!
Numbers 17:5Branch bwa ki pote non moun mwen chwazi a, se li menm ki va fè flè. Se konsa m'a fè moun Izrayèl yo sispann bougonnen sou do ou.
Psalms 65:4(065:5) Ala bon sa bon pou moun ou menm ou chwazi, pou moun ou menm ou rele bò kote ou! L'ap rete anndan lakay ou! N'ap plen vant nou ak bon bagay ki gen lakay ou, ak benediksyon ki nan kay ki apa pou ou a.