Numbers 17:5
Branch bwa ki pote non moun mwen chwazi a, se li menm ki va fè flè. Se konsa m'a fè moun Izrayèl yo sispann bougonnen sou do ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
4W'a mete yo nan Tant Randevou a, devan Bwat Kontra a, kote mwen ban nou randevou a.
Cross References
Numbers 1:51Lè pou Tant Bondye a deplase, se moun fanmi Levi yo ki va demoute l'. Lè yo rive kote pou yo rete a, se moun fanmi Levi yo ki va moute l' tou. Nenpòt lòt moun ki pa nan branch fanmi Levi a epi ki ta pwoche bò tant lan, se pou yo touye l'.
Numbers 16:11Lè ou menm ak tout bann mesye ou yo n'ap plenyen konsa sou do Arawon, kisa Arawon ye nan sa? Konnen se kont Seyè a menm wi nou pran pozisyon.
Numbers 17:10Seyè a di Moyiz: -Remete branch bwa Arawon an devan Bwat Kontra a. Se pou yo konsève l' pou sa sèvi yon siy pou moun tèt di sa yo, pou yo ka sispann bougonnen. Si yo pa sispann bougonnen, y'ap mouri!
2 Chronicles 26:16Men, lè li fin chita pouvwa l' byen chita, lògèy vire tèt li, sa lakòz pye l' chape. Li fè bagay Seyè a, Bondye li a, pa t' ba li dwa fè. Yon jou li antre nan Tanp Seyè a pou boule lansan sou lotèl lansan an.
Isaiah 5:24Se sa ki fè y'ap disparèt nou sou tè a tankou pay ak zèb chèch ki boule nan dife. Rasin yo ap pouri anba tè. Van ap pran flè yo, l'ap bwote yo ale tankou pousyè, paske yo pa t' koute lòd Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te ba yo. Yo te meprize kòmandman Bondye pèp Izrayèl la te bay.
Isaiah 13:11Seyè a di ankò: -Mwen pral fè dezolasyon tonbe sou tout latè poutèt mechanste moun yo ap fè. Mwen pral pini tout mechan yo poutèt fòfè y'ap fè yo. Mwen pral kraze lògèy tout moun k'ap gonfle lestonmak yo. Mwen pral kraze awogans tout mechan k'ap peze moun anba pye yo.