Numbers 18:21
Seyè a di konsa: -Mwen mete tout ladim moun Izrayèl yo va bay la apa pou moun branch fanmi Levi yo, pou sèvis y'ap rann nan tanp lan, pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 47:24Lè sezon rekòt la va rive, n'a bay farawon an yon senkyèm (01/5) nan tou sa nou rekòlte. Rès la va pou nou, pou nou plante nan jaden nou yo, pou nou manje nou menm ansanm ak pitit nou yo ak tout moun ki lakay nou.
Leviticus 27:30N'a mete dis pou san (010%) nan tout rekòt jaden nou apa pou Seyè a, li te mèt rekòt jaden nou fè nou menm, osinon rekòt pyebwa ki donnen nan jaden nou. Se pou Seyè a dis pou san sa yo ye.
Numbers 3:6-Fè moun fanmi Levi yo pwoche. Mete yo ansanm ak Arawon, prèt la, pou yo ka ede l' nan travay l'ap fè a.
Numbers 18:6Se mwen menm ki te pran fanmi ou yo, moun Levi yo, ki te chwazi yo nan mitan tout moun pèp Izrayèl yo, mwen mete yo apa pou mwen. Se mwen ki ba ou yo pou yo ka travay nan Tant Randevou a.
Deuteronomy 12:17Nan tout lavil kote nou rete, nou p'ap gen dwa manje ladim ble, ladim diven osinon ladim lwil nou gen pou n' ofri bay Seyè a. Piga nou janm manje anyen nan sa n'ap ofri bay Seyè a: ki vle di premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit osinon mouton nou yo, ou ankò kado nou ta pwomèt Seyè a pou nou ba li, kado nou leve konsa nou vle fè Seyè a, ni ankenn lòt ofrann nou pote bay Seyè a.
2 Chronicles 31:5Lè nouvèl la gaye, moun pèp Izrayèl yo pote premye sa yo rekolte nan ble, nan diven, nan lwil oliv, nan siwo myèl ak nan tout lòt danre jaden yo an kantite. Lèfini, yo pote yon dizyèm sou tou sa yo te genyen.