Numbers 18:24
M'ap bay moun Levi yo tout ladim moun pèp Izrayèl yo pran sou sa yo genyen pou ofri bay Seyè a. Se poutèt sa, mwen di moun fanmi Levi yo p'ap gen okenn pòsyon tè ki pou rele yo pa yo nan peyi Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Seyè a pale ak Moyiz ankò, li di l':
Cross References
Leviticus 27:30N'a mete dis pou san (010%) nan tout rekòt jaden nou apa pou Seyè a, li te mèt rekòt jaden nou fè nou menm, osinon rekòt pyebwa ki donnen nan jaden nou. Se pou Seyè a dis pou san sa yo ye.
Numbers 26:62Lè resansman an, yo te jwenn nan branch fanmi sa a venntwamil (023.000) gason ki te gen yon mwa depi yo te fèt osinon ki te pi gran. Yo pa t' konte yo ansanm ak rès pèp Izrayèl la, paske yo pa t'ap resevwa okenn pòsyon nan tè ki pou pèp la.
Joshua 13:14Sèl branch fanmi Levi a pa t' resevwa ankenn pòsyon tè ki rele l' pa l' nan pataj la, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te kite tou sa yo ofri ba li pou yo, jan li te di l' la.
Nehemiah 13:12Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo pote ofrann ladim ble, ladim diven ak ladim lwil vin mete nan depo a.