Numbers 26:62
Lè resansman an, yo te jwenn nan branch fanmi sa a venntwamil (023.000) gason ki te gen yon mwa depi yo te fèt osinon ki te pi gran. Yo pa t' konte yo ansanm ak rès pèp Izrayèl la, paske yo pa t'ap resevwa okenn pòsyon nan tè ki pou pèp la.
Bib La
In The King James Version
In Context
61Nadab ak Abiyou te mouri lè yo te ofri bay Seyè a yon dife yo pa t' dwe ofri.
Cross References
Numbers 1:47Men yo pa t' fè resansman branch fanmi Levi a ansanm ak lòt branch fanmi yo,
Numbers 3:39Lè Moyiz ak Arawon te fè resansman moun fanmi Levi yo, chak fanmi apa, dapre lòd Seyè a te bay yo a, yo jwenn antou venndemil (022.000) gason, depi sa ki te gen yon mwa depi yo te fèt jouk sa ki pi gran yo.
Numbers 4:48Yo jwenn antou witmil senksankatreven (08.580) gason.
Numbers 18:23Depi koulye a, se moun Levi yo ki va pran swen tout bagay nan Tant Randevou a. Y'a reskonsab pou tout bagay mal y'a fè. Sa se yon lòd sevè pou tout moun swiv de pitit an pitit. Se konsa yo menm tou, yo p'ap gen tè k'ap rele yo pa yo pou tout tan nan mitan pèp Izrayèl la.
Numbers 35:2-W'a bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pran nan pòsyon tè yo resevwa a kèk lavil pou yo bay moun Levi yo pou yo rete, ansanm ak savann ki toutotou lavil sa yo pou yo ka fè gadinaj.
Deuteronomy 14:27Pa bliye moun Levi k'ap viv nan lavil nou yo paske yo menm yo pa gen anyen ki rele yo pa yo.