Numbers 19:13
Depi yon moun manyen kadav yon moun mouri, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras, piga li pwoche bò Tant Randevou a pou li pa derespekte tant lan. Si li fè sa, se pou yo touye l'. Se pou yo konsidere moun sa a tankou yon moun ki pa fè pati pèp Bondye a, paske yo pa t' voye dlo pou mete nan bon kondisyon an sou li, li pa nan kondisyon pou l' sèvi Bondye. Toutotan yo pa fè sèvis la pou li, l'ap rete nan kondisyon sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 5:3Si, san li pa konnen, li rive manyen yon nonm ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, nenpòt ki jan moun lan te ka rive nan eta sa a, lè pita li vin konnen sa l' fè a, li antò pou sa l' fè a.
Leviticus 5:17Si yon moun fè peche san l' pa konnen, si li fè yon bagay Seyè a te bay lòd pa fè, atout li pa t' fè espre, li antò. Se pou l' peye pou sa l' fè a.
Leviticus 15:31Seyè a di Moyiz ankò: -Pale moun Izrayèl yo byen. Lè yo pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, piga yo pwoche bò Tant Randevou a ki nan mitan kan kote yo rete a. Si yo fè sa y'a mouri.
Leviticus 22:3W'a di yo pou mwen: Lè yon gason nan fanmi nou pa nan kondisyon pou fè sèvis mwen, si li pwoche bò kote ofrann moun pèp Izrayèl yo mete apa pou mwen, piga yo janm kite l' parèt devan m' ankò! Se mwen menm ki Seyè a.
Numbers 8:7Men ki jan w'a fè l': W'a pran nan dlo pou wete peche a, w'a voye l' sou yo. Apre sa, y'a koupe cheve ak pwal sou tout kò yo nèt, epi y'a lave rad ki sou yo. Se konsa y'a nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen.
Numbers 15:30Men, lè yon moun fè yon bagay li konnen byen pwòp li pa t' dwe fè, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a, se pase l'ap pase Seyè a nan betiz. Se pou yo wete moun sa a nan mitan pèp la.