Numbers 19:12
L'a fè sèvis pou mande Bondye gras avèk dlo yo pare pou sa a sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a. Apre sa, l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Men, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:15Apre sa, Moyiz di yo: -Pare nou pou apre denmen. Pa kouche ak ankenn fanm.
Leviticus 14:7Apre sa, l'a voye san an sèt fwa sou moun ki te gen move maladi po a epi l'a di moun lan nan kondisyon ankò pou fè sèvis Bondye. L'a lage zwazo vivan an pou l' vole al fè wout li nan bwa.
Numbers 31:19Men, nou menm ki touye moun osinon ki manyen kadav moun mouri, nou pral rete sèt jou andeyò limit kan an. Sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a n'a fè sèvis pou mete nou nan kondisyon, nou menm ak tout prizonye nou yo, pou nou ka fè sèvis Bondye.
Ezekiel 36:25M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m', m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo.
Acts 15:9Li pa t' fè okenn diferans ant yo menm ak nou menm: nou wè li lave kè yo paske yo te kwè nan li.
Revelation 7:14Mwen reponn li: Se ou menm ki konnen wi, mèt mwen. Lè sa a, li di mwen: Se moun ki pase anba gwo pèsekisyon an. Yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san ti Mouton an.