Numbers 19:22
Depi yon nonm ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye manyen yon bagay, moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye pa ka sèvi ak bagay sa a. Depi yon moun manyen yon bagay konsa, li menm tou, li p'ap nan kondisyon pou l' sèvi Bondye jouk aswè rive.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 7:19Si yon bagay ki pa bon pou fè sèvis Bondye tonbe sou vyann lan, yo pa ka manje l' non plis. Se pou yo boule l' nan dife. Tout moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a ka manje nan vyann lan.
Leviticus 15:5Tout moun ki manyen kabann lan gen pou lave rad ki sou yo, yo gen pou yo benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
Leviticus 15:7Tout moun ki manyen yon moun ki gen ekoulman gen pou yo lave rad ki sou yo, pou yo benyen nan gwo dlo epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
Leviticus 15:10Tout moun ki manyen nenpòt bagay kote nonm lan te chita a p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. Tout moun ki va pran nenpòt bagay kote nonm lan te chita a pou yo pote l' ak men yo, yo gen pou lave rad sou yo, pou yo benyen nan gwo dlo epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
Leviticus 15:21Lè yon moun manyen kabann yon fanm konsa, li gen pou l' lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo, epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
Leviticus 15:23Wi, depi se kabann fanm lan osinon yon bagay fanm lan sèvi pou l' chita yon moun manyen, moun sa a p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.