Leviticus 7:19
Si yon bagay ki pa bon pou fè sèvis Bondye tonbe sou vyann lan, yo pa ka manje l' non plis. Se pou yo boule l' nan dife. Tout moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a ka manje nan vyann lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 19:11Depi yon moun manyen kadav yon moun mouri, pandan sèt jou apre sa, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.
Acts 10:15Menm vwa a pale ankò, li di li: Bagay Bondye di ki bon pou moun k'ap sèvi l', ou menm, pa di l' pa bon.
Romans 14:14Paske, mwen menm k'ap viv ansanm avèk Seyè Jezi a, mwen sèten pa gen anyen nan sa yo di ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye ki soti tou konsa nan men Bondye. Si yon moun kwè yon bagay pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, bagay la pa bon pou li paske li mete sa nan tèt li.
2 Corinthians 6:17Se poutèt sa, Bondye te di nou: Soti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lè sa a, mwen menm, m'a resevwa nou.