Numbers 20:14
Moyiz rete Kadès, li voye kèk mesaje bò wa peyi Edon an pou di l' konsa: -Men sa moun pèp Izrayèl yo, moun menm fanmi ak ou yo, voye di ou: Ou konnen tout tray nou pase.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 25:25Premye ki te fèt la te tout wouj. Li te kouvri ak pwal sou tout kò l'. Se poutèt sa yo te rele l' Ezaou.
Genesis 32:3Jakòb voye kèk komisyonè devan al jwenn Ezaou, frè li a, nan peyi Seyi, kote Edon te rete a.
Genesis 36:31Men wa ki te gouvènen peyi Edon an, anvan te gen ankenn wa pou gouvènen pèp Izrayèl la.
Deuteronomy 2:4Bay pèp la lòd sa a: Nou pral pase nan mitan peyi Seyi a, kote pitit pitit Ezaou yo rete a. Moun sa yo se menm ras ak nou yo ye. Y'ap pè nou, men, atansyon!
Joshua 9:9Yo reponn li: -Mèt, nou soti nan yon peyi byen lwen, paske nou tande pale ki moun Seyè a, Bondye ou la, ye. Nou pran nouvèl tou sa li fè nan peyi Lejip,
Judges 11:17Lè sa a, pèp Izrayèl la voye mesaje bò kote wa peyi Edon an pou di l' konsa: Tanpri, kite nou fè yon ti pase nan peyi a. Men, wa peyi Edon an pa t' vle kite yo pase. Yo te voye tou bò kote wa Moab la. Men, li menm tou, li pa t' vle kite yo pase. Se konsa pèp Izrayèl la rete Kadès.