Numbers 20:13
Se kote sa a yo rele sous Meriba a, paske se la moun pèp Izrayèl yo te leve kont ak Seyè a. Se la Seyè a te moutre yo li se yon Bondye ki pa tankou lòt bondye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 17:7Yo rele kote sa a Masa ak Meriba, paske pèp Izrayèl la t'ap chache kont, yo t'ap sonde Seyè a lè yo te mande: Eske Seyè a nan mitan nou, wi ou non?
Deuteronomy 33:8Men sa li di pou branch fanmi Levi a: Seyè! Se ou menm ki pou fè yo konnen volonte ou. Y'ap sèvi ou san lage. Ou te sonde yo bò Masa. Ou te kenbe tèt ak yo bò sous dlo Meriba yo.
Psalms 95:8-Pa kenbe tèt ak mwen, tankou zansèt nou yo te fè l' lè yo te bò sous dlo Meriba a, tankou yo te fè l' jou sa a nan dezè a bò Masa.
Isaiah 5:16Men, Seyè a pral moutre jan li gen pouvwa lè l'a fè sa li gen pou l' fè a. Li pral fè wè jan li se Bondye tout bon ki apa a lè l'a jije pèp li a.
Ezekiel 36:23Menm jan nou te trennen non m' nan labou nan mitan lòt nasyon yo, konsa m' pral sèvi ak nou pou fè lòt nasyon yo wè jan m' gen pouvwa, jan m' se yon Bondye ki apa. Lè sa a, nasyon yo va konnen se mwen menm ki Seyè a.