Numbers 22:32
Zanj lan di l' konsa: -Poukisa an twa fwa ou bat bourik la konsa? Se mwen menm ki vin bare chemen ou, paske ou pa t' dwe al fè vwayaj sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 3:2Zanj Seyè a parèt devan l' sou fòm yon flanm dife nan mitan yon ti touf bwa. Moyiz gade, li wè touf bwa a te tou wouj ak dife, men li pa t'ap boule.
Numbers 22:22Pati Balaram pati, Bondye fache sou li. Se konsa, antan Balaram taprale sou manman bourik l' a, avèk de domestik ki t'ap mache avè l' yo, zanj Seyè a vin kanpe nan mitan wout la pou bare chemen l'.
Numbers 22:35Men, zanj Bondye a di li: -Ou mèt ale ak mesye yo. Sèlman, pa di anyen pase sa m'a di ou di. Se konsa Balaram ale ak chèf Balak te voye bò kote l' yo.
Deuteronomy 25:4Nou pa bezwen mare bouch bèf la pou enpoze l' manje lè l'ap vire moulen pou kraze ble pou nou.
Psalms 145:9Seyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè.
Proverbs 14:2Moun ki mache dwat, se yo ki gen krentif pou Seyè a. Men, moun k'ap mache kwochi pa pran Bondye pou anyen.