Numbers 22:31
Lè sa a, Seyè a louvri je Balaram, li fè l' wè zanj lan ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe l' nan men l'. Balaram lage kò l' fas atè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 21:19Bondye louvri je Aga. Aga wè yon pi. li ale, li plen sak an po a dlo. Li bay ti pitit la bwè dlo kont kò l'.
Numbers 24:4pawòl moun ki te tande sa Bondye ap di a, pawòl moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l' wè a. Lè sa a, li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l'.
Joshua 5:13Yon jou, antan Jozye te toupre lavil Jeriko a, li rete konsa, li wè yon nonm kanpe devan l' avèk yon nepe nan men l'. Jozye mache sou li, epi li mande l': -Ou se yonn nan moun pa nou yo osinon yon lènmi?
2 Kings 6:17Lèfini, Elize lapriyè Seyè a, li di: —Seyè, tanpri louvri je l' pou l' wè! Seyè a louvri je domestik la. Domestik la wè tout mòn lan te kouvri ak flanm dife an fòm kavalye ak cha lagè bò kote Elize.
1 Chronicles 21:16David voye je l', li wè zanj Seyè a kanpe nan lè a, san pye l' pa touche tè, bra l' lonje sou lavil Jerizalèm ak yon nepe nan men l'. Lè sa a, David ak chèf fanmi yo, rad sak yo sou yo, bese tèt yo jouk atè.
Luke 24:16Yo te wè l', men te gen kichòy ki te anpeche yo rekonèt li.