Numbers 22:36
Lè Balak vin konnen Balaram t'ap vini, li pati, l' al kontre l' jouk Amoab, yon lavil sou fwontyè bò larivyè Anon an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 18:2Abraram leve je l', li rete konsa li wè twa mesye kanpe devan li toupre pyebwa yo. Wè li wè yo, li leve nan papòt la, li kouri al jwenn yo, li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou.
Exodus 18:7Moyiz soti al kontre bòpè li, li bese tèt li jouk atè devan l' pou di li bonjou, epi li bo l'. Yonn mande lòt ki jan yo ye, epi yo antre anba tant Moyiz la.
Deuteronomy 2:24Seyè a di m' ankò: Leve, ranmase tout zafè nou yo. Pase lòt bò ravin Anon an. Mwen pral lage Siyon, moun peyi Amori ki wa lavil Esbon an, ansanm ak tout peyi li a nan menm nou. Atake l', konmanse pran peyi a pou nou.
Judges 11:18Apre sa, yo pran mache nan dezè a, yo fè yon detou pou yo pa pase nan peyi Edon an ak nan peyi Moab la. Yo rive sou bò solèy leve peyi Moab la, lòt bò larivyè Anon an. Se la yo moute kan yo pou yo rete. Men, yo pa janm janbe lòt bò larivyè Anon paske se li ki te sèvi fwontyè pou peyi Moab la.
Isaiah 16:2Y'ap rete tann bò larivyè Anon an. Yo san pozisyon, yo tankou ti zwazo yo mete deyò nan nich yo.
Acts 28:15Frè lavil Wòm yo ki te pran nouvèl nou vin kontre nou jouk nan Mache Apiyis ak nan Kalfou Twa Kafe. Lè Pòl wè yo, li di Bondye mèsi, li pran kouraj.