Numbers 24:3
Epi li pran chante chante sa a: -Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bèyò, m'ap di: Men pawòl k'ap soti nan bouch moun Bondye te louvri je a,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 22:31Lè sa a, Seyè a louvri je Balaram, li fè l' wè zanj lan ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe l' nan men l'. Balaram lage kò l' fas atè.
Numbers 23:18Epi Balaram pran chante chante sa a: -Souke kò ou, Balak! Vin tande! Pare zòrèy ou, pitit Zipò!
Numbers 24:16moun ki ka tande sa Bondye ap di a, moun ki gen konesans ki soti nan men Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l' wè a. Li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l'.
1 Kings 22:19Miche pran lapawòl ankò li di: -Bon! Koute mesaj Seyè a. Mwen te wè Seyè a chita sou fotèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l', sou bò dwat ak sou bò gòch li.