Numbers 24:7
Lame pèp Izrayèl la ap fè nasyon yo tranble. Pèp Izrayèl la ap donminen sou anpil lòt pèp. Wa li yo ap pi fò pase wa Agag, Y'ap gouvènen sou anpil nasyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 15:32Apre sa, Samyèl di konsa: -Mennen Agag, wa moun Amalèk yo, ban mwen. Agag vin jwenn li. Li t'ap tranble tèlman li te pè. Li t'ap di nan kè l': Ala bagay di, mezanmi, se lanmò!
1 Kings 4:21Salomon te rive gouvènen tout nasyon nan zòn ki pran depi larivyè Lefrat rive nan peyi Filisti a ak fwontyè Lejip la. Yo tout te peye Salomon taks, yo tout te soumèt devan li pandan tout rèy li jouk li mouri.
1 Chronicles 14:2Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Seyè a menm ki te mete l' wa pèp Izrayèl la, epi ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li, akòz pèp Bondye a, pèp Izrayèl la.
Esther 3:1Kèk tan apre sa, wa Asyeris mete yon nonm ki te rele Aman nan yon gwo pozisyon. Li nonmen l' chèf sou tout lòt chèf nan peyi a apre wa a. Aman sa a te pitit Amedata, moun fanmi wa Agag.
Psalms 18:43(018:44) Ou delivre m' anba pèp rebèl sa a. Ou mete m' chèf pou m' gouvènen sou tout nasyon yo. Pèp mwen pa t' janm konnen, se yo menm k'ap sèvi m'.
Psalms 72:11Wa tout lòt peyi yo va soumèt devan li. Tout lòt peyi yo va sèvi l'.